
Read Our Reviews
Nou pa chajé frè avèk dépans sèlman si-ou jwen.
CLICK TO KOUTE
Soufri domaj nan travay, Travay l siplémantè épi yo pa péyé-ou pou li, Gen yon dézabilité ki anpéché-ou travay épi ou bezwen ed sosyal sékirité.
Kontakté yon avoka! Pa éséyé réglé bagay sa yo pou kont-ou. Prosè-a konpliké épi lwa yo chanjé souvan. Biro Avoka Lyle B. Masnikoff & Associates, P.A kapab édé-ou avèk réklamasyon ou-an. Nou gen plis pasé 16 éxpéryans konbiné dépi nap édé mou-n jwen jistis-yo.
Konpansasyon travay sé yon pati nan la lwa ki bay kèk protéksyon pou travayè avèk depandan yo aprè yon aksidan, domaj, maladi oubyen lamò nan travay. Sistèm konpansasyon travay-la bay konpansasyon pou periòd tan ou pakapab travay la akoz domaj nan travay, konpansasyon pou swen médikal, épi transpòtasyon pou lè ou pralé nan randévou.
Konpayi asirans ki kouvri travay-la pa oblijé péyé ou pou 7 premyé jou ou pa kapab travay yo, sèlman si domaj yo tèlman grav ou pèdi plis pasé 21 jou travay. Si-ou pa kapab retounin travay aprè 7 jou aprè yon domaj, ou kalifyé pou resevwa chèk konpansasyon travay chak 2 semèn. Si domaj lakòz ou andikapé épi ou pèdi plis pasé 21 jou travay, yon pòsyon nan konpansasyon-ou an kapab kòmansé depi premyé jou ou andikapé-a.
Nan anpil kès, chèk ou-a ap 66 pou san 2 tyè sou sa ou té kon-n touché chak semèn 91 jou imédyatman avan domaj/andikap la, dapré maximòm Éta-a. Si ou té travay pi piti pasé 90% pou san nan periòd 91 jou imédyatman avan aksidan-an, yap itilizé salè you lòt anployé ki té travay tout periòd 91 jou-an pou yo detèminé chèk-la. Ou pa péyé tax sou chèk konpansasyon travay.
Trétman médikal ki rekòmandé akoz rézilta domaj, oubyen maladi ke ou resevwa nan yon sant médikal ke konpayi asirans-la ouben travay-la aprouvé. Vizit karopratik yo kapab limite jiska 24 vizit. Operasyon, ospitalizasyon, swen dantal, préskripsyon pou remèd, braslè, béki, epi lòt ékipman médikal doktè kap trété ou-a rekòmandé.
Pi bonè ou ka éspéré yo posté chèk ou-a sé (14) jou aprè travay-la vi-n konen aksidan-an, min sé sèlman si ou rapòté aksidan-an avèk travay-la.
Hemos asistido a miles de deposiciones, mediaciones, arbitrajes, audiencias y juicios. Permítanos ayudarlo hoy.
Llámenos o envíenos un correo electrónico ahora para una consulta GRATUITA. ¡NO HAY TARIFAS ni COSTOS a menos que se recupere!
Non. Travay-la oubyen asirans ki kouvri travay-la péyé tout koté ki té otorizé pou ba-ou swen médikal.
Non. Ou pa oblijé gen yon nimero sosyal sékirité pou resevwa bénéfis konpansasyon travay.
La lwa nan Florida anpéché travay yo révoké moun lè yo fè réklamasyon oubyen éséyé réklamé konpasasyon travay. Min, la lwa pa oblijé travay yo pou yo kinbé pozisyon ou-a vid pou jis lè ou kapab retounin travay.
Konpansasyon Travay nan Florida bay travayè ki domajé sèvis re-anployman gratis pou édé travayè ki domajé yo retounin travay.
Ou kapab chwazi yon doktè nan lis doktè travay-la oubyen konpayi asirans-la bay. Si-ou alé wè yon doktè travay-la oubyen asirans-la pa aprouvé,ou kapab résponsab pou péyé bil medikal sa-yo.
Ou ginyen jiska 2 zan aprè dat domaj-la pou fè yon reklamasyon, oubyen dépandan ou yo gin jiska 2 zan aprè lamò-ou pou yo fè yo n reklamasyon. Min ou dwé asiré-ou ke ou rapòté domaj-la nan travay-la nan (30) jou.
Si-ou té domajé avan 1 janvyé 1994, épi wap resevwa bénéfis pou tan ou pèdi-yo avèk bénéfis sosyal sékirité pou retrèt, bénéfis sosyal sékirité pou retrèt-la vin primè (prémyé). Montan total pou bénéfis travay-la avèk bénéfis sosyal-a sékirité ansan-m pa ta dwé dépasé 66% (2tyè) sou sa-ou té kon-n touché chak semèn nan.
Si wap resevwa bénéfis pou tan ou pèdi épi wap resevwa bénéfis sékirité soyal pou dézabilité, pa gen diférans. Si wap resewa bénéfis chak semèn pou (dézabilité total pèmanant oubyen dézabilité total tanporè) tou dé (2) konbiné pa ta dwé dépasé 80% pousan sou sa-ou té kon-n touché chak semèn nan. Pa gen diférans si ou gen 62 zan.
Yon konsiltasyon avèk avoka nou yo gratis. Si nou pa jwen bénéfis pou-ou, ou pa dwé nou anyen. Si nou ginyen kès ou-a, lè sa-a nou resevwa yon pousantaj kontinjan.
1645 Palm Beach Lakes Boulevard, Suite 550
West Palm Beach, FL 33401
Tel: (561) 598-7120
Fax: (561) 598-7127
The demand and appetite for improvements in technology is not only driven.
Our Hours of OperationMonday – Friday 9:00am – 5:00 pm
Lyle B. Masnikoff & Associates, P.A.
1645 Palm Beach Lakes Boulevard, Suite 550
West Palm Beach, FL 33401
Lyle B. Masnikoff & Associates, P.A.
110 East Broward Blvd, Suite 1700
Fort Lauderdale, FL 33301
Lyle B. Masnikoff & Associates, P.A.
7380 Sandlake Road, Suite 500
Orlando, FL 32819
Lyle B. Masnikoff & Associates, P.A.
Ft Pierce is St Lucie County
Towns in St Lucie County
Lyle B. Masnikoff & Associates, P.A.
333 S. E. 2nd Avenue,
Miami Dade County FL. 33131
Lyle B. Masnikoff & Associates, P.A.
601 21st Street,
Vero Beach, FL 32960
Lyle B. Masnikoff & Associates, P.A.
4651 Salisbury Road,
Jacksonville, FL 32256
Lyle B. Masnikoff & Associates, P.A.
8270 Woodland Center Blvd,
Tampa, FL 33614
Lyle B. Masnikoff & Associates, P.A.
9160 Forum Corporate Parkway,
Ft. Myers, FL 33905
Lyle B. Masnikoff & Associates, P.A.
543 NW Lake Whitney Place, Suite 106, Port St. Lucie, FL 34986
Lyle B. Masnikoff & Associates, P.A.
1990 Main Street,
Sarasota, FL 34236
Lyle B. Masnikoff & Associates, P.A.
7380 Sandlake Road, Suite 500
Orlando, FL 32819
© Copyrights 2023. Lyle B. Masnikoff & Associates, P.A. All Rights Reserved.
The information you obtain at this site is not, nor is it intended to be, legal advice. You should consult an attorney for advice regarding your individual situation. Contacting us does not create an attorney-client relationship.